Nonb 9:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati. 1998 Haïtienne Gen de fwa nyaj la pat rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Senyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. |
Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.
Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati.
Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati.
Nou pa pou pè yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, yon gran Bondye ki mèvèye.