Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki apwente pou li a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

— Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l la.

Gade chapit la



Nonb 9:2
12 Referans Kwoze  

Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”


Epi Josias te selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a.


Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan katòzyèm jou nan premye mwa a.


Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.


“‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a.


Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”


Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”


Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an.


Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.