Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
Nonb 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a. 1998 Haïtienne Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a. |
Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
Juda, frè ou yo va ba ou lwanj; men ou ap sou kou lènmi ou yo. Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.
“Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur;
Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li.
Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo vaNachschon, fis a Amminadab la,
SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.”
Ofrann pa li a se te yon plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;