Nonb 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, 1998 Haïtienne — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl li ak Senyè a, l'al fè yon bagay mal kont yon moun, li antò. |
“‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.
Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di:
Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”