SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri.
Nonb 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo. 1998 Haïtienne — Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo. |
SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri.
Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo, e ou menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’”
Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo.
Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
“Konsa nou va fè tout devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo.
Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.
Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo;
Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak.