Nonb 34:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. 1998 Haïtienne Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a. |
“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.
Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri.
Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan.
Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Lefrat la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va teritwa pa nou.
dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.