Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a.
Nonb 33:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo, 1998 Haïtienne Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo sòti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pèsonn pa di yo anyen. |
Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a.
Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.
Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti.
Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. Yo kraze pòtay la pou soti. Se wa yo ki pase devan yo, ak SENYÈ la a latèt yo.
Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.