Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”
Nonb 33:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo. 1998 Haïtienne Dapre lòd Senyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo. |
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”
Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati.
Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron.
Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo,
Se te yon vwayaj onz jou soti nan Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.
Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’