Nonb 3:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo. 1998 Haïtienne Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa. |
Men non a fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane.
Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. Kehath te devni papa a Amram.
Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo.
Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san (7,500).
“Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo;
Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.