Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama.

Gade chapit la



Nonb 3:2
8 Referans Kwoze  

Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar.


Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt.


Pitit a Amram yo: Aaron avèk Moïse ak Marie. Fis a Aaron yo: Nadab, Abihu, Éléazar ak Ithamar.


“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.


Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.


Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.


Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.


Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar.