Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.
Nonb 27:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm. 1998 Haïtienne — Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. |
Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.
Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo. Kite vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
“Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li.
Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa.
Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo.
Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.
Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo.