Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
Nonb 27:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. 1998 Haïtienne Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la, |
Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a.
“Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: ‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la.
(Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”
SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.
Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;
Paske mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a bon peyi sila a.