Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
Nonb 24:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a. 1998 Haïtienne Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Senyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Senyè a te vle fè l konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a. |
Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.
Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. Lè se Li menm ki beni, alò, mwen p ap kab revoke sa.
Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!
Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a.
“Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral.
Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou.
Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la.
Epi Saül te di a David: “Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.” Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li.