“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
Nonb 23:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, oswa konte menm yon ka an Israël? Kite mwen mouri lanmò a jis yo, pou lafen pa mwen an tankou pa li.” 1998 Haïtienne Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze. |
“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.
Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.
Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. Yo va sòti nan twazyèm nan.
Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. Yo va sòti avan.
Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.
“Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”: “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”