Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 19:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

W'a renmèt Elyaza, prèt la li. L'a fè li soti deyò limit kan moun yo rete a epi l'a fè yo touye li devan li.

Gade chapit la



Nonb 19:3
11 Referans Kwoze  

Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.


“Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch.


Men po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li,


ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile.


Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.


Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


“‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche.


Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv.


Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.