paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
Nonb 16:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.” 1998 Haïtienne — Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo kounyeya. |
paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”
Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.
Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”
Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.
Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.”
Alò, si ou touye pèp sa a tankou se yon sèl moun, alò, nasyon ki te tande tout istwa Ou yo, va di:
“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.
Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.