Nonb 15:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an. 1998 Haïtienne Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an. |
“Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.
“Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,
A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.