Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
Nonb 14:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi. 1998 Haïtienne Epi yo di pèp la: — Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi. |
Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo.
Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.