O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.
Nonb 14:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men sèvitè Mwen an, Caleb, akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li. 1998 Haïtienne Men, paske Kalèb, sèvitè m lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo. |
O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.
Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
Mwen te kriye ak tout kè mwen. Reponn mwen, O SENYÈ! Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan.
Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.
Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.
Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’
Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.
Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm.