Nonb 11:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a. 1998 Haïtienne Apre sa, Senyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gendwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a. |
Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. Epi lè li te vin maten, van lès la te pote krikèt yo.
Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout teritwa Égypte la.
Ou te soufle avèk van Ou. Lanmè a te vin kouvri yo. Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo
Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an.