Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
Nonb 11:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” 1998 Haïtienne Moyiz reponn li: — Kouman? Ou genlè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Senyè a te mete lespri l sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt! |
Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
“Paske gade byen, nan jou sila yo ak nan lè sa a, lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.
pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?
Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.
Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun.