Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 1:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Riben, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

Gade chapit la



Nonb 1:20
8 Referans Kwoze  

Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”


fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,


Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.


Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.


Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san (46,500).