Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
Nonb 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt, 1998 Haïtienne — Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt. |
Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.
“Lè nou fè yon kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo.
Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a;
yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye.
Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.
Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.