Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.
Neyemi 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. 1998 Haïtienne Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: — Leve non, mezanmi! Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l la. |
Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.
Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:
Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la.
Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.
A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .
Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.
Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa.
Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.
Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”
Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
Men dwat Ou, SENYÈ, ranpli ak majeste avèk pwisans. Men dwat Ou, O SENYÈ, vin dechire lènmi an nèt.
Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.
Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.
Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
“Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an,
Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konnesans?”