Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.
Neyemi 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.” 1998 Haïtienne Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs! |
Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.
Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.
paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.
Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.
Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.
Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.
Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li.
Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant pou m ta Sèvitè Li a: Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, pou Israël ta ranmase vè Li (paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premyè ak denyè lapli lan tankou avan an.
Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.
Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.
Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:
Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”