Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
Neyemi 5:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn teren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la. 1998 Haïtienne Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte okenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m yo te la tou nan travay miray la. |
Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo.
Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
“Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.