Neyemi 12:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis Bakbukia avèk Unni, frè pa yo ki te kanpe anfas yo nan divizyon sèvis yo. 1998 Haïtienne Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y'ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo. |
Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon.
Levit yo te Josué, Binnuï, Kadmiel, Schérébia, Juda, Matthania, ki, avèk frè li yo, te dirije chan remèsiman yo.