Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.
Neyemi 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo. 1998 Haïtienne Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè Tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a. |
Alò, sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo.
Alò prèt yo avèk Levit yo, kèk nan moun yo, chantè yo, gadyen pòtay yo avèk sèvitè tanp yo te rete nan vil pa yo e tout Israël nan vil pa yo.
Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak sou pwòp eritaj pa yo.
Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo;
Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li;
moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. Kantite mesye nan pèp Israël yo:
Alò, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.