Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?
Nawoum 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?” 1998 Haïtienne Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen ou. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pèsonn ka vle vin kenbe rèl la avè l. |
Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?
“Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem? Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou? Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a, menm jan ke M te pini wa Assyrie a.
“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.
Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.
Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’