Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
Miche 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè. 1998 Haïtienne Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra. |
Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
Alò tonton a youn, oswa mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a pa dwe nonmen menm.”