Matye 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp. 1998 Haïtienne Jezi lonje men l, li manyen nonm lan, li di l: — Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri. |
Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la.
Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.
Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.
Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la.
Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”
Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!”
Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men sèlman Naaman, yon Siryen.”
Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li.
Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!”
Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.
Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.