Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
Matye 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”! 1998 Haïtienne Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di: “Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò: Fè chemen pou Senyè a. Fè wout yo byen dwat devant l.” |
Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.
Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;
Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”