Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Matye 2:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Pawòl sa a te lage gwo latwoublay nan tèt wa Ewòd ak nan tèt tout moun nan vil Jerizalèm.

Gade chapit la



Matye 2:3
14 Referans Kwoze  

Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?”


“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”


Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.


“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.


“Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.


Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”


Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.


Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.