Mak 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.” 1998 Haïtienne Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men m ap di nou, Eli te vini deja, epi yo te fè sa yo te vle avèk li, jan sa te gentan ekri nan Bib la.” |
Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?
Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.