Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
Mak 7:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 1998 Haïtienne Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. |
Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.
Malè a sila k ap fè plan inikite yo, k ap manevre mechanste sou kabann yo! Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a men yo.
Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,
Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo.
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?