Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 6:55 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li.

Gade chapit la



Mak 6:55
6 Referans Kwoze  

Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo.


Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.


Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.