Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.
Mak 6:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. 1998 Haïtienne Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yo desann bato a, moun ki te la yo rekonèt Jezi. |
Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone sila ki mete konfyans nan Ou yo.
Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.
Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,