Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn.

Gade chapit la



Mak 5:3
6 Referans Kwoze  

ki chita nan mitan tonm yo e ki pase nwit lan kote kache yo; ki manje chè kochon, ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.


Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.


Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l.


Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a.