Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
Mak 3:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 1998 Haïtienne Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap ka kenbe lontan. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. |
Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.
Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.
Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò?
Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.