Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pat di ki moun li te ye.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.

Gade chapit la



Mak 3:12
6 Referans Kwoze  

Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye.


Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”


Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.”


Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”


Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.


Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou. Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.