Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

Gade chapit la



Mak 2:14
9 Referans Kwoze  

Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”


Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li.


André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;


Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la;


Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.