Mak 16:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis. 1998 Haïtienne Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pat ankò vle kwè toujou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè. |
Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”