Mak 16:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa. 1998 Haïtienne Men, yo pat vle kwè Mari, lè l te di yo: — Jezi vivan, mwen wè l ak de je mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa. |
Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.
Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”