Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
Mak 16:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 1998 Haïtienne Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye. Apre sa, Jezi li menm voye disip li yo toupatou depi nan peyi solèy leve jouk nan peyi solèy kouche pou fè tout moun konnen Bondye ap delivre yo pou tout tan. Sa se mesay Bondye a menm, li p'ap janm disparèt.] Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. |
Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
“Epi nan moman sa a, sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,
Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.
Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: “Avan kòk la chante de fwa, ou va nye M twa fwa.” Nan sonje sa a, li te kòmanse kriye.
Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?”
Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.