Mak 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay. 1998 Haïtienne Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi. |
Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.
Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”