Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
Mak 15:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?” 1998 Haïtienne Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: — Enben, kisa nou vle m fè avèk nonm yo rele wa jwif la? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa Pilat mande pèp la ankò: “Kisa menm nou ta vle m fè ak nonm sa a nou rele wa Jwif yo?” |
Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
“Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.