Mak 15:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi. 1998 Haïtienne Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pilat te di sa, paske li konnen se jalouzi ki fè chèf prèt yo te livre Jezi nan men l. |
Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
Men chèf prèt yo te chofe foul la pou mande Pilate, olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.