Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
Mak 14:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.” 1998 Haïtienne Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.” |
Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.
“Epi bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.