Mak 14:60 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?” 1998 Haïtienne Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi kèsyon, li di l konsa: — Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” |
Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”