Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”
Mak 14:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Simon, èske w ap dòmi? Èske ou pa t kapab rete veye pou yon sèl èdtan? 1998 Haïtienne Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? |
Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”
Si ou te kouri ak moun apye yo, e yo fè ou bouke, kijan ou ka fè kous ak cheval? Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite, men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an?
Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan?
Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”
Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.